ACTUALITÉSSOCIÉTÉ

Ayiti-Medya: Gwoup Medya Altènatif selebre 20 lane egzistans li nan yon kontèks difisil

«Kreye epi rann pi aktif espas altènatif kominikasyon yo nan benefis sektè sosyal yo nan lide pou favorize patisipasyon yo nan pwosesis devlopman dirab». Se misyon Gwoup Medya Altènatif (GM) k ap selebre 20 lane depi l ap bay sèvis nan kominote a. Nan yon nòt ki pote non kòdonatè a, GM di li konstate gen transfòmasyon majè ki fèt nan esfè kominikasyon medyatik lan.

Gotson Pierre di chanjman sa yo fèt nan nivo disponiblite mwayen yo ak mannyè yo itilize yo. Mete sou sa, volim ak kalite kontni ki disponib yo. Poutan youn nan defi ki parèt enkontounab jodi a, se amelyorasyon kalite medya yo. Se youn nan konpozant esansyèl pou konstrui demokrasi a.

Pou Gwoup Medya Altènatif, kalite sa a reflete nan pètinans enfòmasyon yo pa rapò ak bezwen popilasyon an. Kalite sa chita tou nan respè fòm pwofesyonèl yo ak sousi pou defann enterè piblik l. Sepandan kalite sa p ap mache san respè etik ak entegrite gason ak fanm ki nan metye a.

’GM ap selebre 20 lane sa nan yon kontèks kote estrikti kominikasyon sosyal ak mwayen pou kominike yo riske sonbre anba gwo pwoblèm ekonomik’’. Se sa ki ekri nan nòt ki pibliye nan okazyon 20 lane enstitisyon an ki reafime angajman li vizavi valè pwofesyon an. Sepandan Gwoup Medya Altènatif di gen medya li wè k ap boujounen.

Nan tan difisil sa yo, GM pwofite remèsye patnè l ak kòmanditè l yo. Li remèsye tout moun ki kolabore ak li ak sitou sa ki te rann yo sèvis e ki akonpaye li depi 20 lane. Gwoup la eksprime rekonesans li anvè tout antite ak piblik lan an jeneral ki mete konfyans yo nan li. Se konfyans sa ki fè yo adopte prensipal inite yo ki se : AlterPresse, AlterRadio, Accès-Médias ak MédiaTic.

Direksyon jeneral Impulse Web Média (IWM) mele vwa li ak tout pèsonèl lan pou swete yon bon ventyèm ak tout ekip GM nan.

Marcia MOISE
moisemarcha@gmail.com

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.