ACTUALITÉSSECURITE

Ayiti/Sekirite : Lapolis arete 6 jenn gason nan zòn Bon Repo

Lapolis nan Bon-Repo arete 6 jèn gason jounen mèkredi 20 oktòb la. Kout filè sa fèt gras ak sipò yon bakòp Inite Depatmantal Mentyen Lòd (UDMO) nan katye Rosembert 2.

Dapre sa PNH la ekri sou kont twitè li, 6 jenn gason sa yo se Djefnny Laguerre ki gen 20 lane, Fredelin Jean-Baptiste 24 lane, Clarens Moreau 18 lane, Jean Yves Destiné 28 lane, Bellevue Jean Renel 36 lane ak Peter Cangé 22 lane. Mesye sa yo ta enplike nan zak vòlò moun (kidnapin) ak asosyasyon malfektè.

Popilasyon an denonse endividi sa yo kòmkwa yo ta fè pati yon gang k ap opere nan zòn. Yo site yon endividi yo konnen sou non Patrick kòm chèf gang sa.

Zak ensekirite yo pa sispann taye banda nan peyi a. N ap fè konnen moun ki te gen zam nan men yo te antre ayè Madi a nan plizyè kay Bon Repo, bò mache seradòt la. Nan menm moman an yo kidnape yon timoun 9 lane. Otorite konsène yo nan zafè sekirite sanble pa konsène nan klima ensekirite k ap wonje peyi a. Popilasyon an lage pou kont li. Tout moun kapab konstate se bandi ap fè lalwa.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.