ACTUALITÉSSOCIÉTÉ

Tigwav: Yon ajan polis minisipal touye yon jenn gason ak bal

Frémont James tout moun konnen sou non Jimmy mouri anba bal nan zòn Fòlibète. Aksyon malonèt sa pase dimanch 17 oktòb la nan onzyèm seksyon Tigwav. Moun nan zòn nan lonje dwèt sou Siyon, youn nan ajan Polis Minisipal yo kòm moun ki responsab zak malonèt sa.

Sipleyan Jij de Pè Valembrun Jasmin ki te fè konsta rapòte aksyon sa pase a 7 h nan aswè. ‘’ Jimmy te soti epi madanm li te soti al chèche l. Lè l ap retounen, li remake yon machin k ap vini ak yon sèl limyè. James Frémont te mande kiyès enbesil k ap kouri machin ak yon sèl limyè a. Tousuit moun ki te nan machin nan desann li agrese moun yo epi li tire jenn gason 30 lane a sou plas’’. Se sa Jij de Pè a rapòte repòtè bay Impulse Web Medias.

Plizyè sitwayen nan komin nan kondane vye zak sa.  Yo egzije otorite yo nan lajistis ak lapolis pran dispozisyon pou arete Siyon. Sitwayen yo fè sonje se pa premye fwa zak sa yo ap fèt. Ajan polis minisipal yo abitye rale zam yo tire moun nan vil la. Poutan anyen pa janm fèt pou anpeche aksyon sa yo kontinye ap fèt.

Pou koulye a, lapolis nan komin nan deja resevwa lòd pou arete kriminèl la. Polisye yo te fè yon entèvansyon maten madi a nan lokalite Bèl Avni. Siyon te gentan chape poul li. Gen enfòmasyon ki ta fè kwè li te boukante kèk kout zam ak polisye yo. Lèfini li mete van nan vwèl li.

Gen lòt enfòmasyon k ap sikile nan komin nan ki ta fè kwè pa gen okenn Jij de Pè ki vle desène manda dèyè Siyon paske yo pè.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.