ACTUALITÉS

Sidès-Grèv : Tout aktivite te paralize pou dezyèm jounen grèv la nan Jakmèl

Blakawout total nan vil la nan sware lendi 18 Oktòb la. Tansyon an te monte nan zòn Sensi, blòk antre mache kominal (Brezil ak Chili) vil Jakmèl. Rodney Jules, 18 lane resevwa de (2) katouch youn nan vant ak youn nan ponyèt dwat li. Claudy Cupidon k ap viv ak yon andikap resevwa li menm yon bal nan pye.

Aprè zak malonèt sa yo, popilasyon an fè konprann sitiyasyon sa rive akoz fènwa ki tabli nan site Claudy Craan nan chak swa. Direktè sant semi otonòm nan mande popilasyon an fè yon pasaj pou fasilite teknisyen yo alimante vil lan an enèji.

Rodney, youn nan viktim yo ak fanmi l eksplike li ta idantifye moun ki tire sou li a. Malerezman li pat ka jwenn swen nan Lopital Sen Michel Jakmèl (HSMJ). Poutan se youn nan pi gwo sant ospitalye ki genyen nan komin nan. Fanmi l te oblije mennen l nan yon lopital prive nan komin nan pou l te ka pran swen ka li nesesite.

Pou maten madi 19 Oktòb la, korespondan pèmanan Impulse Web Medias te konstate tout aktivite paralize. Lekòl, biwo piblik kou prive ak mache kominal lan t ap fonksyone timidman. Transpò piblik la te paralize, anpil barikad nan lari sant vil la ak tyou boutèy, wòch melanje ak lòt vye debri. Kèk wout anndan ki konn sèvi wout sekou pou machin pase te bloke. Sitwayen ki gen obligasyon ak nesesite pran lari te oblije soti a pye. Nan dives zòn sitwayen yo te kanpe ak ti radyo pandan y ap kòmante aktyalite a.

Pou komin Kay Jakmèl anyen pat chanje. Tout aktivite bloke epi wout yo bare. Kèk abitan te oblije pran moto pou yo soti. Pandan tan sa, chofè yo monte pri kous yo akòz galon gaz lan k ap vann mil san (1100) goud nan kèk zòn anndan komin lan.

N ap fè sonje grèv ‘’bloke peyi a’’ sektè transpò a te lanse pou di non ak ensekirite. Yo te pwofite di non ak lavi chè, kidnapin ak gaz lan ki vin ra nan ponp yo. Tandiske gen moun k ap pwomennen li 2 bò lari pou vann byen chè. Grèv sa te jwenn sipò platfòm anseyan Sidès ki gen menm revandikasyon yo.

 

Marcia MOĪSE

moisemarcha@gmail.com

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.