ACTUALITÉS

Sendika transpò piblik la leve grèv la sou tout teritwa peyi a

Manm Fòs Sendikal pou Sove Haïti (FOSA) anonse nan mitan jounen madi 19 oktòb la grèv la leve sou tout teritwa nasyonal la. Jounen Madi a te gen plis aktivite nan transpò piblik la, plis ti machann te sòti al ravitaye nan lari a. Aktivite yo te fonksyone piti piti.

Pòt pawòl FOSA, Jacques Anderson Desroches fè konnen lekòl, kòmès, ak lòt enstitisyon yo kapab louvri pòt yo demen mèkredi 20 oktòb la. Mesye Desroches lanse yon apèl bay tout sosyete a pou fè yon leve kanpe pou fòse otorite yo pran responsabilite yo. Li di tou yo pare pou rankontre tout lòt sektè nan peyi a pou yon mouvman pi laj.

Bò kote pa l, sendikalis Méhu Changeux deklare grèv la kanpe pou pèmèt popilasyon an ravitaye. Li fè konnen yo pral fè yon chita pale ak lòt sektè yo pou yo konnen lòt etap yo pral franchi nan mouvman kont ensekirite a elatriye.

N ap fè sonje grèv sektè transpò a te fèt nan lide pou denonse fenomèn ensekirite a k ap manje sosyete a. Yo te pwofite tou pou di non ak kidnapin nan ak ratman gaz ki genyen sou teritwa nasyonal la.

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.