ACTUALITÉSÉconomie

Leta Ayisyen pèdi 30 milya goud sou gaz la ane pase

‘’Nou fini ane a an difikilte. Chak fwa pou achte gaz se yon kas tèt’’. Se Minis Ekonomi ak Finans la ki fè deklarasyon sa yo jodi a.  Michel Patrick Boisvert revele Leta Ayisyen pèdi 30 milya goud sou gaz la ane pase. Leta riske pèdi plis kòb ankò ane sa.

Minis Boisvert eksplike gouvènman an toujou fè efò pa l. Li achte gaz la bay konpayi yo. Se aprè konpayi yo peye leta. Nan sans sa, Leta oblije tann konpayi yo peye l anvan li fè yon lòt kòmand. Gran Ajantye a souliye pri gaz la ap monte sou mache entènasyonal la. Tandiske pri gaz la toujou rete menm jan an Ayiti.

Selon Minis la, sa poze yon pwoblèm. Leta oblije pran yon pati nan kòb Ladwàn ak Direksyon Jeneral Enpo yo antre pou sibvansyone gaz la. Minis Boisvert anonse tout gouvènman ap pran kèk mezi pou soti nan sitiyasyon sa a. Sa pral anpeche leta kontinye ap pèdi lajan sou gaz la.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.