ACTUALITÉS

Ayiti-Grèv : APCH lanse dezyèm jounen grèv ‘’Bloke Peyi a’’ demen madi 19 oktòb la.

Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè Ayisyen yo (APCH) jwenn solidarite platfòm anseyan Sidès la. Enspektè Jean Marc Marcelin ki se responsab Platfòm lan, nan yon rankont ak laprès ayè dimanch lan di yo apiye grèv sektè transpò a.

Yo te pwofite anonse y ap sipòte grèv transpòtè yo pou di non ak ensekirite, lavi chè, ak gaz la. Se yon pwodwi transvèsal k ap vann grad divizyon sou mache nasyonal la. Plizyè chofè ak kèk sitwayen pile beton an maten lendi 18 Oktòb 2021 an. Pwotestatè yo vle fòse mèt ponp yo desann gaz la k ap van 1500 goud pou yon galon.

Nan depatman Sidès grèv transpòtè yo pa reyisi totalman. Nan kèk komin tankou Thiotte ak Bainet prèske tout aktivite fonksyone kòm alodinè. Se sèlman transpò zòn sila yo pou ale Pòtoprens ki te ralanti.

Pou Komin Jakmèl, depi anviwon 7è nan aswè dimanch 17 oktòb lan kèk zòn sant vil lan te komanse bloke. Pami zòn sa yo genyen Sensi ak Meyè. Gen lòt zòn ki pa anndaan vil la tankou Fon Aleksi, Breman, Bodwen ki te gentan kòmanse bloke kom zòn estratejik. Moun ki te bloke zòn sa yo te lanse anpil boutèy ak kout wòch. Pwotestatè yo te itilize gwo bout bwa ak lòt debri epi boule kawotchou pou fè barikad. Anpil katouch te tire.

Sitiyasyon sa te lakòz yon entreprenèz ta resevwa kou nan men moun yo pa rive idantifye. Ensidan sa rive poutèt li pat vle retounen devan yon barikad nan zòn Sensi Jakmèl. Endividi yo te lanse kout wòch sou machin li epi boule machin grandèt la sou plas.

Nap fè remake nan moman dezòd yo vil lan pat gen kouran. Mete sou sa Polisye yo pat mete pye sou beton an.

 

Marcia MOĪSE

moisemarcha@gmail.com

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.