ACTUALITÉS

Premye jounen grèv san limit sektè transpò a reyisi nan kapital la ak kèk vil pwovens

Jan sa te anonse jounen lendi 18 oktòb la, premye jounen grèv sektè transpò a te lanse kont ensekirite, Kidnapin ak ratman gaz la te respekte nan kapital la ak anpil kote nan vil pwovens yo. Majorite aktivite yo te paralize tankou lekòl, bank, makèt ak gran antrepriz te fèmen pòt yo pou fòse otorite yo pran responsablite yo.

Fenomèn ensekirite a pa sispann frape pòt popilasyon an. Pèsòn pa epanye. Nan sans sa plizyè sendika transpò te lanse yon grèv ki pa gen limit ki kòmanse jounen lendi 18 oktòb la. Depi byen bonè nan maten tout chofè piblik te deside respekte modòd grèv sila.

Nan vil pwovens yo tankou Jacmel grèv la te respekte totalman. Enstitisyon pibik kou prive te fèmen pòt yo. Li te Enposib pou Sòti nan vil jakmel pou ale nan komin Marigot lakoz vil la te konplètman barikade. N ap presize toujou nan Kad mouvman sa gen yon machin ki boule.

Nan vil Gonaïves tout lekòl te voye elèv yo retounen sou presyon pwotestatè yo, bank komèsyal yo epi biwo leta yo te fèmen pòt yo.

N ap fè sonje divès sektè te deja òganize plizyè mouvman pwotestasyon pou denonse fenomèn ensekirite espesyalman fenomèn Kidnapin nan. Pandan wikenn ki sot pase a, peyi a anrejistre plizyè ka Kidnapin pami yo 15 etranje. Okenn mezi bò kote otorite yo pou konbat fenomèn sila.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.