Culture

Ayiti-Kilti: Ekspozisyon manje lakay nan okazyon 200 lane vil Arcahaie depi l komin

Nan okazyon 200 lane depi Arcahaie vin komin, komite 200 lane a te òganize yon fwa gastwo atizanal ki pote non ” Fwa Bisantnè”. Aktivite sa te jwenn sipò plizyè lòt patenè tankou CMFP / Christo Resto Bar pâtisserie ak anpil lòt nan tèt kole ak lameri Arcahaie.

Nan okazyon sa, CMFP ak Christo Resto Bar pâtisserie te ekspoze manje ki fèt Lakay anba tèm « Arcahaie nou tout dwe manje manje lokal”.

CMFP ki se yon lekòl pwofesyonèl nan komin Arcahaie k ap dirije pa Madam Chrisnette Saint-Georges te responsab pou fè bon jan manje lokal. Plizyè moun te fè deplasman pou vini manje, bwè ji natirèl pou sèlman 50 goud.

 

 

 

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.