ACTUALITÉS

Ayiti-Jistis: Mouvman Pwen Final mande Jistis ak reparasyon pou Jean Jacques Dessalines.

Nan okazyon komemorasyon desankenzyèm (215ème) anivèsè sasinay papa nasyon an, Mouvman Pwen Final (MPF) mande jistis ak reparasyon pou anperè a. Kòdonatè MPF la fè demand sa nan yon konferans pou laprès 215 lane aprè. ‘’Nou menm ki nan Mouvman Pwen Final, n ap mande jistis pou anperè Jean Jacques Dessalines. Jistis pou pèp ayisyen an ak tout ras nwa ak Lafrik espesyalman’’. Nou sot site deklarasyon Kòdonatè a, Ulysse Jean Chenet.

Doktè Ulysse fè konnen nou pa ka aksepte jis kounya pou nou pa konn ki mò ki te touye lanperè. Poutèt sa, MPF mande pou gen yon pwosè senbolik ki fèt. Li swete gen yon fineray nasyonal ak entènasyonal ki òganize pou anpère a. Anmenm tan, Mesye Ulysse ankouraje Leta òganize yon ane dèy senbolik nasyonal nan memwa fondatè premye repiblik nwa nan monn la. Yo te asasinen li nan dat 17 oktòb 1806.

Kòdonatè MPF la fè sonje tout bagay te tou mouri aprè lanmò anperè a. Li site lespwa Devlopman dirab, Devlòpman ekonomik, elan ekonomik ak jistis sosyal. Desalin se te yon moun ki te gen anpil vizyon. Yon moun ki te kwè nan demen. Anperè a se moun ki te charye revendikasyon ras yo kèlkeswa kote yo te ye sou latè. Se li menm ki te fondatè ak liberatè nasyon ayisyèn lan. Pou tout bagay sa yo, Mouvman Pwen Final mande jistis ak reparasyon pou Jean Jacques Dessalines.

 

D. L

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.