ENVIRONNEMENT

Minis anviwonman James Cadet remèt rektè Inivèsite leta a yon chèk 3 milyon goud pou pèmèt etid sou jesyon fatra solid

Minis Anviwonman James Cadet remèt ayè vandredi 15 oktòb la yon chèk twa (3) milyon goud bay rektè inivèsite Leta Mesye Fritz Deshommes. Objektif dotasyon sa se pèmèt etidyan epi moun k ap fè rechèch nan inivèsite a reyalize etid k ap pote sou jesyon fatra solid ak nan yon Kad pi laj nan sak gen pou wè ak anviwonman.

Rektè UEH la Fritz Deshommes fè konnen direksyon rechèch inivèsite leta  mete kanpe yon ekip ki gen ladan pwofesè 5 fakilte Leta yo. Li fè konnen tou koperasyon yo ak ministè Anviwonman ap entansifye epi y ap gen pou abòde lòt pèspektiv ankò.

Rektè a fè konnen tou yo kreye yon Kad teknik ki gen ladan Kad 2 enstitisyon yo. Li gen ladan direktè rechèch mesye Borghenson André pou UEH epi direktè  Evens Louis pou ministè Anviwonman.

Gen lòt inisyativ yo konte mete sou pye tankou mete kanpe yon bibliyotèk vèt ki pral yon espas difizyon ak aksè etid yo reyalize yo daprè rektè a ki fè konnen Anviwonman rete yon chantye laj epi estratejik pou peyi a ak devlopman nou. Nan sans sa, Fritz Deshommes asire minis lan disponiblite UEH avèk ministè Anviwonman nan tout chantye espesyalman asenisman, enèji renouvlab, agrikilti byolojik, pwoteksyon fon  ak flòr, rebwazman patisipatif, medsin tradisyonèl ayisyèn pou n site sa yo sèlman. Rektè a pwofite remèsye ekip UEH ak Ministè Anviwonman pou angajman ak detèminasyon yo pou fè avanse kolaborasyon nan mitan 2 enstitisyon yo ki fenk kòmanse.

Bò kote pa l, Minis Anviwonman James Cadet avanse pou l di pwojè sa vize pou fè pwomosyon avèk kolektivite teritoryal yo yon sistèm kominal entegre ki gen ladan jesyon dechè solid nan Kad yon politik anviwonmantal. Li vize tou apiye efò konsètasyon ak refleksyon sou pwoblematik jesyon dechè solid an Ayiti pou favorize pwopozisyon eleman refòm nesesè nan sektè a. Minis lan fè konnen se PNUD ki ankadre pwojè sa.

Seremoni sa rantre nan Kad volonte gouvènman premye minis Ariel Henry a pou met ansanm sektè piblik santral, meri ak inivèsite nan yon dinamik konsansyèl fas ak youn nan pi gwo defi gouvènans nan matyè anviwonmantal ki se jesyon fatra solid.

Genyen anpil jefò ki fèt bò kote ministè a pou fè pwomosyon rechèch nan domèn Anviwonman tankou siyati yon pwotokòl dakò ant ministè Anviwonman ak Ministè Edikasyon Nasyonal, piblikasyon dekrè ki gen pou wè sou entegrasyon edikasyon relative ak Anviwonman nan pwogram eskolè daprè Minis Cadet.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.