ACTUALITÉS

Ayiti- Ensekirite : Grèv nèt al kole sou tout teritwa k ap kòmanse lendi 18 oktòb la

Sektè transpò a anonse yon grèv ki pa gen limit k ap kòmanse lendi 18 oktòb k ap vini la. Objektif grèv sila se pou montre kòlè yo kont zak ensekirite ki pa sispann taye banda nan peyi a, ratman gaz ki genyen sou mache a ak fenomèn Kidnapin nan k ap ogmante nan dènye jou sa yo anba je konplis otorite leta yo.

Daprè Prezidan Asosyasyon Pwoprieyetè ak Chofè Ayiti yo sendikalis Changeux Mehu ki t ap pale sou radyo méga denonse fenomèn ensekirite a k ap fini ak popilasyon an. Li fè konnen yo menm nan sektè transpò a fin pòv nèt, sitou lè bandi yo pran chofè yo ak tout machin yo. Li di tou se pa 2 kamyon machandiz mesye yo pran monte anwo a epi rale zam sou chofè yo.

« Tout moun dwe jwe patisyon pa yo, pou leta pran responsablite l. Swa yo demisyone oubyen yo bay popilasyon an sèvis. yo bezwen sekirite pou moun fonksyone nan peyi a, se pou tout sitwayen leve kanpe pou leta pran responsablite l pou n site pawòl Méhu Changeux.

Prezidan ACPH la fè konnen tout sendikalis konsène nan mouvman sa. Peyi a kanpe jiskaske mouche leta retire nou nan sitiyasyon nou ye a, daprè Méhu Changeux.

N ap raple konpayi bis « Dieu qui Décide ak Ti Amélie » kanpe depi ayè jedi 14 oktòb ki aspire transpò Jérémie- Pòtoprens ou menm fenomèn ensekirite sa.

 

Kredi foto Google pou ilistre

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.