ACTUALITÉS

Ayiti-Ensekirite : Transpò piblik nan Jeremi kanpe travay

Depi plizyè mwa, tout chofè transpò piblik ki asire trajè Pòtoprens/Okay, Pòtoprens/Jakmèl, Pòtoprens/ Nip, Pòtoprens/Jeremi, Jeremi/Pòtoprens ap pase anpil peripesi anba zak ensekirite bandi tabli nan 3e sikonskripsyon Pòtoprens lan. Anpil moun Grandans fè konnen depi ayè jedi 14 oktòb la, bis “ Dieu qui décide ak Ti Ameli” deside kanpe travay pou fòse otorite yo mete bonjan sekirite pou tout moun nan zòn 3e sikonskripsyon an.

Maten vandredi 15 oktòb la byen bonè, wout nasyonal nimewo 2 a bloke nan nivo Matisan ak yon seri gwo trelè. Anplis de move eta wout la ye, pwoblèm gaz la vin ajoute pou rann travay chofè ak pwopriyetè machin zòn sa pi difisil.

Responsab Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè Dayiti (APCH) a anonse yon grèv jeneral nan Sektè transpò piblik pou lendi 18 oktòb la. Sendikalis Méhu Changeux di yo pran desizyon sa pou fè revandikasyon yo pase. Li fè deklarasyon sa maten vandredi a sou radyo Karayib nan espas jounal premye okazyon. Anpil lòt responsab asosyasyon chofè anndan peyi a di yo apiye modòd grèv la. Yo kritike leta a ki ogmante yon seri taks nan sektè transpò piblik la.

N ap fè sonje, chofè, pasajè ak tout lòt moun k ap pase sou wout nasyonal nimewo 2 a viktim anpil zak ensekirite. Lè se pa kidnapin, se wout la ki bloke ak bandi kap defile jan yo vle ak gwo zam fann fwa. Lè konsa yo tou pwofite vòlè bagay moun sou wout la. Pafwa se machandiz yo sezi osinon kamyon k ap transpòte gaz. Fòk nou di tou machin prèske pa ka sikile sou wout Matisan an ki desèvi 4 depatman paske wout la fin kraze.

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.