ACTUALITÉSJUSTICE

Ayiti/Jistis: Arnel Bélizaire tounen nan Penitansye Nasyonal

Lakou Dapèl Pòtoprens pa rive estatye jodi a sou dosye ansyen depite Arnel Bélizaire a. Kèk tan aprè odyans la te fin ouvè, Jij kou Dapèl yo te deside mete afè a an kontinyasyon pou lendi k ap 18 oktòb la. Sa lakòz Arnel Bélizaire Pierre killick Cémélus, Paul Joanel (Babas), Garry Philémon, Makenton Ésteril ak Fleuret Jean Pierre (Job) retounen al koukouman dèyè 4 miray nan Penitansye nasyonal. Avoka k ap defann prizonye politik yo eksplike dosye a anpil. Nan òdonans ki al jwenn Jij kou Dapèl yo, dosye a dwe detaye soti nan mwa novanm 2019 pou rive jounen jodi a.

Mèt Marc Antoine Maisonneuve ak Arnel Rémy montre yon konfyan. Om de lwa yo pwomèt y ap goumen pou jwenn liberasyon prizonye politik yo. An menm tan Mèt Arnel Rémy enfòme  gen yon rekèt ki depoze devan Jij kou Dapèl yo. Nan rekèt la, li mande libere mesye yo pou yon ti tan (liberté provisoire) pandan y ap tann yon desizyon final. Li ankouraje patizan yo pou yo pran yon pasyans.

Ansyen Depite Arnel Bélizaire montre li pa dakò ak desizyon Jij yo. Li fè sonje li fè vi l ap goumen pou jistis peyi a. Sepandan ansyen reprezantan komin Dèlma nan chanm depite a di li kwè nan lajistis la.

Ansyen Senatè Youri Latortue di l regrèt desizyon Jij yo ki ranvwaye odyans lan san yo pa t kontakte avoka yo. Dirijan Ayiti An Aksyon an (AAA) deklare Jij yo te dwe travay pou libere mesye yo ki nan prizon pou opinyon politik yo.

Ansyen Palmantè a fè sonje Arnel Bélizaire ak lòt mesye yo se moun ki t ap goumen sou beton an menm jan ak li. Se poutèt sa li t al sipòte yo jodi a. Majò jon AAA a di desizyon Jij yo se yon bagay moun pa ta dwe aksepte paske mesye yo nan prizon lontan. Youri Latortue swete nan lòt odyans k ap fèt la, Jij yo fè travay yo  kòm sa dwa pou prizonye politik yo kapab libere.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.