ENVIRONNEMENT

Ijans: Lanmè Zile Kayimit anvayi kay moun k ap viv nan lokalite pwent sab.

Lanmè nan Zile Kayimit anvayi kay moun k ap viv nan lokalite pwent sab. Ajan Egzekitif Enterimè komin nan mande otorite yo nan pi wo nivo nan leta a pou pote yo sekou.

Nickenson Bony di l te konstate fenomèn sa aprè tranbleman tè 14 dawout la ki te kolboso Gran Sid la. Ajan Egzekitif Enterimè a enfòme li deja pataje enfòmasyon ak kèk patnè tankou pwoteksyon sivil. Gen ladan yo ki koumanse fè pwomès men poko gen anyen  ki fèt aklè pou pote moun yo sekou.

Nan sa ki konsène Leta Santral, mesye Bony deklare poko gen entèvansyon ki fèt. Sepandan, li di li poko pale ak otorite yo nan ministè enteryè sou sitiyasyon sa.

Nickenson Bony rapòte se yon zòn ki gen pou pi piti 280 kay. Se bò lanmè moun sa yo fè bezwen yo. Pou koulye a lanmè pote tout sak te sou kote yo vin mete lakay moun yo.

N ap fè sonje, pwent sab se yon lokalite ki nan komin Zile Kayimit. Komin sa ki nan Depatman Grandans. te gen 5 022 moun ki t ap viv ladann dapre resansman ki te fèt depi nan lane 2009.

 

Kredi foto| JCOM ak  Ralph Simon

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.