ACTUALITÉS

Ayiti/Sekirite: Lapolis arete  Ernst Julmé alyas Jeneral Ti Grèg, l ap reponn kesyon DCPJ

Plizyè ajan nan Brigad Operasyon ak Entèvansyon Depatmantal (BOID)  arete Chèf gang « Jeneral Ti Grèg » ak 2 lòt akolit li nan fyèf li. Kò espesyalize lapolis la fè arestasyon sa bò ansyen simityè Petyonvil la.

Depi plizyè jou komin Petyonvil ap viv sou gwo tansyon. Nan yon fiziyad ki te fèt madi pase a 2 moun mouri. Menm lè a plizyè lòt moun te blese nan zòn “la colonie” estasyon ti bis Jakè Toto yo. Yo akize chèf gang dèyè Lapwent lan, «Jeneral Ti Grèg » kòm moun ki ta responsab fiziyad sa.

N ap enfòme fyèf Jeneral  Ti Grèg  chita dèyè Lapwent, Dèlma 66 ki  anfas Dèlma 95.

Nou aprann patizan chèf gang lan deja tanmen yon mouvman pwotestasyon depi yèswa. Leve kanpe sa ap fèt nan zòn ki anviwonnen Dèlma 66 ak 95 pou rive jouk Petyonvil. Kawotchou  ap boule epi anpil bal t ap tire. Sitiyasyon tansyon sa lakoz lekòl nan zòn nan paralize. Anpil moun oblije pran wout a pye paske trafik piblik zòn sa paralize.

 

N ap fè sonje Jeneral Ti Grèg se yon ansyen ajan lapolis. Li te abandone pòs li pou l te kapab feraye pi byen nan zak malonèt. Non l site nan anpil zak asasinay ki te fèt nan Komin nan kèk lane anvan. Nan dat 7 septanm 2021 an, li te asasinen chofè Fresnel Belgarde ki te konn fè trajè Okay-Pòtoprens. Sa fè lontan lapolis tap chèche l pou zak malonèt li konn fè.

N ap fè sonje tou se twoup Ti Grèg ki konn ap tire souvan sou manifestan. Sitou lè manifestasyon opozisyon an konn ap monte sou Dèlma pou ale Petyonvil. Yon zòn ki te toujou rete yon defi pou lapolis metrize pou anpeche viktim. Polisye, jounalis ak militan pran bal nan zòn chèf gang lan. Dènye zak yo te mennen, se te  jou ki te 14 fevriye 2021 an. Yo te boule yon militan ak tout motosiklèt li nan Dèlma 95.

Plizyè katye nan zòn metwopolitèn nan touche anba gwo zak ensekirite. Chak Komin ou pase prèske gen fwontyè yo. Sa rive akoz zak bandi ap mennen pou kraponnen popilasyon sivil la. Komin Petyonvil se prensipal viktim dènye jou sa yo. Otorite ki responsab sekirite yo pa pran okenn mezi pou konbat tout bon zak ensekirite yo anndan peyi a.

Anpil moun ap mande èske dirijan ki konsène yo ap kite pi gwo Komin depatman Lwès la rive nan nivo Matisan ak Kwadèboukè.

Yon dosye nap swiv…

Partagez ceci

Fabienne JUSTE

Je suis Fabienne Juste, une passionnée de la communication. Rédactrice à Impulse webmedias depuis sa création, j’ apporte ma touche à cette équipe dynamique et professionnelle dans les informations liées à l’actualité.