JUSTICE

Ayiti/Kidnapin: Lavi moun pa gen pri isit 

Li pa yon sekrè pou pèsonn, se lè moun ale nan mache yo te konn ap fè pri machandiz. Lè sa, machann nan te kapab deside si l ap vann avè w lè pri a bon pou li osinon li p ap vann avè w si pri a pa nan enterè li. Men koulye a, tout bagay chanje nan peyi isit. Depi yon bon bout tan, pa rapò ak fenomèn vòlò moun nan (kidnapin) ki kwaze pye li sou kou pèp ayisyen an, moun tounen machandiz. Yon machandiz ki pa gen yon pri fiks. Vòlò moun yo (kidnapè yo) fikse pri machandiz yo selon tip machandiz yo gen nan men yo a. Toutan pri a pa bon pou yo, yo kenbe machandiz yo byen di anba men yo. Pandan tan sa, y ap fè fanmi moun nan egzijans.

Sitiyasyon sa lage anpil fanmi ayisyen nan yon kondisyon malouk. Youn nan pil ak pakèt fanmi ki nan eta sa se fanmi Notè Alex Desmosthène ki, depi kèk jou anba men vòlò moun yo. Fanmi an revele yo deja peye 1 milyon 500 mil goud ak 5000 dola ameriken. Malgre sa, notè a toujou poko ka retounen vin jwenn fanmi li paske kidnapè yo di lajan sa se yon ti kaka aran, li twò piti. Madanm notè a li menm di li pa kapab ankò. Madanm nan rapòte menm kay yo pa genyen, se nan afèmaj yo ye. Ki kote atò, yon kay depi lapli tonbe dlo anvayi yo dapre deklarasyon madanm notè a.

Depi lè mesyedam kidnapè yo fin vòlò notè a, ata pitit li pa ka ale lekòl, yo pa ka manje, se moun ki gen la charite k ap fè yo zèv pou grangou pa koupe kòd trip yo. Sa pa gen lontan, lafèblès blayi madanm notè a atè de pye long nan lari. Se bon samariten ki kouri lopital ak li. Mete sou sa, li eksplike li genyen yon san k ap koule sou li san rete, malgre li pran medikaman pou fè san sispann koule se nad marinad. Madanm nan mande kidnapè yo tanpri souple fè l gras, libere notè Desmosthène pou li paske li pa kapab ankò.

Fòk nou fè sonje, lontan lè moun te volè afè w ou te kapab rele li nan lajistis swa pou l remèt ou afè w oubyen pou l peye w. Koulye a, bagay yo pa konsa sitou nan fenomèn kidnapin nan. Lè yo vòlò moun nan, se kidnapè yo ki fikse ki kantite lajan fanmi li dwe bay anvan yo remèt li. Pafwa yo konn menm touye yo. Nan sans sa, nou ka di nou alanvè. Pandan tan sa, anpil moun ap poze tèt yo kesyon ki kote sa ap rive? Kisa leta ap fè pou mete yon fren nan machin sa k ap kouri ak tout boulin nan peyi a? Antouka n ap swiv …

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.