SECURITE

Ayiti/Kidnapin : Vil Tigwav bloke pou mande liberasyon Kazèk Wilkens Dicette

Moun ki te gen zam nan men yo vòlò (kidnape) Kazèk dezyèm plèn Tigwav la, Wilkens Dicette jounen dimanch 25 avril la nan komin Delmas. Prezidan Asosyasyon Kazèk Tigwav yo, Petyon Frankèl (Pétion Franckel) ki konfime enfòmasyon an pou Impulse Webmédias presize se pandan viktim nan al fè zong li nan yon estidyo, li kanpe machin devan estidyo epi moun ki te ak zam nan men yo antre pran l nan estidyo a.

Kazèk Petyon Frankèl di li ap pale ak fanmi Kazèk Dicette pou yo kapab konnen kisa k ap fèt pou jwenn liberasyon li.

Pou yo kapab di non ak zak kidnapin ki kontinye ap mete dlo nan je moun nan peyi a, abitan nan dezyèm seksyon Tigwav gentan bloke wout la epi boule kawotchou pou mande liberasyon Kazèk la san pèdi tan.

Kòdonatè Kazèk douzyèm seksyon Tigwav la, Nosalito Soliman pa t pran tan pou reyaji sou sa. Kazèk la ekri sou kont fesbouk li: “Tout Kazèk tigwav yo ap mande pou yo lage Kazèk nou Wilkenn Dicette yo kidnape l aprè midi a vè 2h nan komin Dèlma. Pandan n ap swete tout otorite yo pran responsabilité yo, se twòp, twòp, twòpppppppppppp atò“.

N ap fè sonje pandan fenomèn vòlò moun nan (kidnapin) ap feraye, sa fè plizyè moun Tigwav ki gentan viktim. Pandan tan sa, otorite ki responsab sekirite yo poko pran bon jan dispozisyon pou frennen machin ensekirite a k ap kouri ak tout boulin nan peyi a.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.