ACTUALITÉS

Fidèl Katolik yo mache nan lari Tigwav pou di ‘’Non ak Kidnapin’’

Fidèl Legliz Katolik yo, manm sektè opozisyon an ak anpil lòt moun nan sosyete sivil la mache nan lari Tigwav ayè pou di ‘’Non ak kidnapin ak ensekirite’’ ki blayi nan peyi a. Pwotestatè yo te pase nan plizyè Ri nan vil la. Sou tout pakou a, yo t ap chante epi di pawòl ki pa an favè ekip ki sou pouvwa a sitou prezidan Jovenel Moïse. Dj Papi Mix ki t ap anime mach la t ap chante :’’Kisa Jovenel te ye pou nou pa voye l ale’’, yon chante manifestan yo te repran pandan y ap mache anba gwo solèy. Animatè a di byen, n ap site : ‘’Se pa pou lajan mwen pran lari a jodi a. Fòk yon moun ta gen bagay nan men w pou w mete m deyò. Men ensekirite ak kidnapin nan li konsène tout moun. Se pou sa m deyò jodi a’’.

Ansyen Majistra Delor Desgranges ki t ap patisipe nan mach la mande liberasyon tout moun yo kidnape yo. Se te okazyon tou pou l mande prezidan Jovenel Moïse pou l tande larezon paske manda l fini. Ansyen administratè an aprè komin Tigwav la konseye Mesye Moïse pou l kite pouvwa a.

Pwofesè Wilson Lemaine ki t ap pale nan non Pitit Desalin kritike pouvwa anplas la li di ki mete kidnapin nan peyi a. Dapre Pwofesè Lemaine kidnapin nan se yon estrateji pou entimide pèp la pou l pa manifeste. Li di yo p ap pran nan ti kraponnay sa a. Manm sektè opozisyon an kontinye mande Prezidan Jovenel Moïse pou l kite Palè Nasyonal li pran an otaj depi apre 7 fevriye 2021.

Pòt Pawòl Sektè Demokratik ak Popilè a nan Site Fosten Soulouk la fè sonje sa fè lontan y ap denonse pouvwa an plas la paske yo pat vle sitiyasyon peyi a rive kote l ye la jounen jodi. Mèt Augustin Pierre di se tout moun alawonnbadè ki dwe leve kanpe pou mande Jovenel Moïse lage pye l. Avoka a kalifye demisyon Joseph Jouthe la kòm yon demagoji ki p ap bay okenn solisyon ak pwoblèm ki genyen nan peyi a. Mèt Pierre fè konnen modòd la se kanpe batay pou rele chalbare dèyè Jovenel sou pouvwa a.

Sou bò pa l, sekretè jeneral Avoka Plis la, Mèt Ernest Flarissaint deklare se tout moun ki dwe leve kanpe pou di non peyi a pa kapab kontinye konsa pou jan machin ensekirite a ap kouri ak tout vitès la. Mèt Flarissaint di l konstate peyi a gen yon pwoblèm moun. Se sa k fè Jovenel Moïse poko ka kite pouvwa a. Li ankouraje tout moun pou mete tèt ansanm pou rezoud pwoblèm peyi a.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.