ACTUALITÉS

Kire Pawas Tigwav la, Pè Boniface SENAT mande Prezidan Jovenel Moïse pou l pran konsyans pou l remèt kle a

Sou demand Konferans Evèk Ayisyen yo, prèske tout legliz katolik nan peyi a chante yon mès espesyal ayè jedi 15 avril la pou di ‘’Non ak kidnapin ak sekirite ki pa genyen sou teritwa nasyonal la’’. Nan komin Tigwav, Kire Pawas la, nan mesaj li preche nan Egzòd 3 vèsè 7 fè moun ki t ap asiste mès la konnen moso Labib sa dwe ba yo fòs, kouraj ak detèminasyon. Li dwe fè yo tounen yon sèl pèp pou defann tèt yo kont tout moun k ap kraze brize epi ki bay tèt yo non ‘’Apredye’’. Pè Boniface SENAT deklare pèp ayisyen an pa kapab ankò ak sitiyasyon malouk ki genyen nan peyi a. Poutèt sa li mande pou chenn nan kase.

Pi lwen nan mesaj li, Pè SENAT deklare, n’ap site : ‘’Maten an, nou vle adrese nou dirèkteman ak ansyen Prezidan nou an, Jovenel Moïse, pou n di l pèp ayisyen an te ba li yon manda, pèp la te mande w yon sèvis. Puiske lè sèvis la rive, nou mande l kle a nou te ba li a pou depoze l pou nou’’. Pè a fè sonje lè Jovenel Moïse te nan kanpay li te toujou ap mache ak madanm nan. Se yon fason pou l te montre li soti nan yon fanmi. Epoutan depi lè li rive sou pouvwa, tout fanmi an Ayiti prèske fin degrengole. Yo mete zam nan men jèn nou yo pou y al detwi, pou y al kraze olye pou yo mete zam pen de lenstriksyon nan men yo. Kòm lokatè Palè Nasyonal la gen madanm ak pitit, Kire a mande l èske li t ap mete zam nan men pitit pa l la pou al kraze brize.

Yon lòt kote Kire Pawas la di gen 9 gwoup gang ki ranplase lekòl ak inivèsite nan peyi a. Pè SENAT di l konstate chak depatman gen yon inivèsite gwoup gang k ap dirije l e se gang sa yo k ap fè lalwa nan peyi. Li mande Jovenel Moïse pou l degaje l ranmase tout zam ki simaye sou teritwa nasyonal la. ‘’Nou di prezidan nou an nou bouke, nou pa kapab ankò. Chak jou se rèl, se kriye, se lanmò. Polisye nou yo pa kapab ankò. Polis la kraze e l ap kraze chak jou pi plis. Se tout bagay nan peyi a ki fin kraze. Nou mande prezidan nou an pou l pran konsyans’’. Nan moman Majò jon Pawas Tigwav la t ap fè deklarasyon sa yo, se tout moun ki te nan mès la ki t ap kriye byen fò ‘’Aba kidnapin, nou pa kapab ankò’’. Sa ki te oblije Pè sispann pale pou l te tann moun yo fin eksprime kòlè yo.

Nimwo en Pawas Notredam Asonpsyon Tigwav la mande pèp ayisyen an pou yo pa divize, pou yo gen menm pawòl ak menm detèminasyon. Pè Boniface SENAT di tou nou fè zansèt nou yo kriye. Si Kristòf, Petyon ak Desalin t ap pran dikte nan men etranje, jodi a nou pa t ap gen moso tè sa. Prèt la montre nesesite ki genyen pou pèp ayisyen an pran konsyans paske nou maltrete tèt nou twòp. Jiska prezan, se zòt k ap dirije nou. Jodi a nou di fòk sa kaba. Se ayisyen ki dwe pran desten peyi a an men.

 

Kredi foto| Guitho Mathieu

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.