ACTUALITÉS

Politisyen ayisyen ak “blan” : Pwason kraze nan bouyon

Ayiti se yon peyi ki granmoun tèt li depi nan lane 1804. Sou bout tè sa, se do blan fransè nou te pouse mete deyò pou nou te pran l ; nou te di non ak lesklavaj ; nou te koupe fache ak koze ki te fè kwè se pa tout moun ki moun nan. Se tout sa yo ak anpil lòt bagay, chwa nou te fè pou nou te di nou se te sèl mèt tèt nou an te charye dèyè l.

Listwa politik peyi a, sitou nan 20 lane ki sot pase yo, moutre klè kou dlo kòk jan, non sèlman nou bliye listwa nou, men tou, jan pifò dirijan politik nan peyi isit mare sosis yo ak panyen « blan » pa yo anba bra yo. Batay ki fèt pou kapote pouvwa_ rejim politik soti nan lane 1986 pou bout nan lane 2004 toujou fè wè sa. Kit se nan lopozisyon osnon nan kan pouvwa a, tout moun gen « blan » yo. Tout moun ap tann « blan » pa yo bay dizon yo. Antouka, jiskaprezan, avèk Jovenel Moïse nou nan menm tentennad la. Anyen pa chanje ; anyen poko chanje.

Nan sa ki gen pou wè ak administrasyon mesye Jovenel Moïse la, gen moun ki ta ka di bagay yo vin pi makawon pou pitit tè a : tout kote nan peyi a se gang k ap pyafè, moun ap mouri, yo ap kidnape timoun kou granmoun pandan li menm, li gen « blan » l ki se bwa dèyè bannan l li ; k ap sipòte l nan nenpòt jan li chwazi mennen bak peyi a. Tout moun gen gwo laperèz lè y ap soti. Leta a, parapò ak sa yo, kwaze ponyèt li l ap plenyen menm jan ak pèp la. Gen kèk fwa, detwa moso lapawòl konn di, men anyen pa janm rezoud. Lè l santi l menase paske detwa moun mete pye yo atè pou denonse move bagay k ap fèt yo, nan tèt moun ki se chèf Leta a, se yon ti ponyen moun ki voye yo vin fè sa. Yo pa vle peyi l mache. Lè konsa, lè l move koukong, li konn di l ap tape yo sou do men. Li se reprezantan Bondje sou latè, brèf ! Sa ki bay plis gwo kè kase se paske moun k ap dirije peyi a pa janm fè yon koudèy dèyè pou yo aprann kèk erè sou pase politik peyi a moun ki te dirijan anvan yo te fè. Konsa, yo te ka wè kijan yon prezidan ki te konn pouse zèl, panse l te la pi rèd _pi di pase yon ke makak te fini. Antouka !

Nan koze chak moun gen « blan » pa yo a, je yo pa louvri pou yo wè menm « blan » sa yo toujou mete youn anfas lòt ; yo jwe ak yo nan fè yo simen latwoublay pa bò isit nan tout sans. Se « blan » yo ki fè vye eleksyon ; se yo ankò ki di kiyès ki bon ; yo mete prezidan yo, senatè ak depite pa yo. Si « blan » an te bon jan politisyen ayisyen kwè l la poukisa l pa janm foure bouch li nan koze eleksyon peyi l ak kèk lòt gwo peyi li gen zanmitay ak yo ? Poukisa tou, menm Sendomeng bay « blan » an bwa long kenbe ? Poukisa eleksyon toujou makònen ak kriz nan peyi isit ? Poukisa se yo ki bay kòb pou eleksyon fèt ? Poukisa, depi sou prezidan bann machwè nou di « blan » an ap ede nou epi se la a, nan ke kamyonèt la nou ye toujou ? Pèp la li menm, li tounen toupi nan men nèg ak fanm politik tèlman yo vire l pou regle zafè pa yo.

Chire pit, kraze brize p ap mennen peyi a okenn kote. Ayiti nou bezwen, nou reve a se nan lanmou ak linite n ap jwenn li. Si nou bezwen yon Ayiti kote tout moun ka viv byen ; kote tout moun se moun ; kote tout timoun ka al lekòl ; kote Leta a p ap mare sosis li ak bandi, se tèt ansanm pou nou fè. Nou dwe chita ansanm_ kèlkeswa estati w ( koulè po w) sou yon menm tab pou rezoud pwoblèm peyi a pandan tout moun ap gade tout moun nan je. Konnen kiyès nou ye, kisa nou reprezante nan listwa lemonn, chita ansanm nan ap fasil. Nou kapab fè l si nou vle ! Fè l pou sove peyi a , pou kite egzanp pou tchovi k ap vin dèyè yo.

 

 

 

Jackson Junior Rinvil

20 février 2021

Étudiant en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines de l’UEH.

Photo collage pour illustration. 

 

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.